English | Español | 中文 | አማርኛ | shqip | عربى | Français | Kreyòl Ayisyen| हिंदी | Tiếng Việt
LSG Sky Chefs yo te rive nan yon akò pou gouvènman an bay CAREs ACT sibvansyon ak prè lajan.
- LSG Sky Chefs ap kontakte travayè yo pou yo tounen nan travay yo ankὸ OSWA pou yo revoke yo definitivman.
- LSG Sky Chefs ap rele 75% nan inite negosyasyon nasyonal la.
- Y ap revoke rès travayè yo (ozanviron 25%).
- Travayè yo te rele pou tounen vin travay yo dwe aksepte retounen nan travay yo oswa y ap konsidere yo antanke moun ki pran pwὸp desizyon yo pou yo demisyone epi yo pap ba yo prestasyon chomaj.
- Nou dwe fὸse konpayi a pou l aksepte nonmen travayè ki gen gwo pwoblèm sante yo nan lis anplwaye yo men yo pa bezwen vin travay/travay mwens poutèt pou yo diminye gwo danje.
- Nou fὸse konpayi a pou l akonpli ak CAREs ACT pou l peye travayè yo te rele pou retounen travay yo omwen karant (40) èdtan chak semen jiska mwa Septanm 2020.
Se pou nou rete ini ak pèseveran pou nou asire nou ke LSG kontinye bay manm nou yo atansyon. Tanpri, kominike ak lidè sendika w la pou jwenn plis enfòmasyon.