English | Español | 中文 | አማርኛ | shqip | عربى | Français | हिंदी | Tiếng Việt
Nou gen garanti pou yo peye nou 6 mwa ansanm ak tout benefis yo!
Sendika nou an te ekri lwa pou depanse lajan sovtaj gouvènman an pou pwoteje chèk ak avantaj travayè k ap travay nan sèvis avyon ki gen kontra yo pou 6 mwa!
Liy avyon yo te jwenn yon ranbousman $ 50 milya, dola men mwatye nan lajan an se pou travayè yo, ak $ 3 milya dola se pou antrprenè avyon yo tankou Skychefs, Gate Gourmet ak lòt antreprenè pou sèvis nan avyon yo.
6 mwa salè vo plis lajan n ap gen nan pòch nou pase 4 mwa chomaj!
Aprann Konn Dwa w! Sa viktwa sa a siyifi pou travayè yo:
- Yo DWE kontinye peye 90% nan travayè Skychefs yo epi kontinye bay yo swen medikal pandan 6 MWA.
- Yon lὸt fason pou nou di sa se: Skychefs DWE kenbe 90% nan nou nan lis anplwaye l yo pandan 6 mwa jiska 30 Septanm.
- Skychefs PA KA revoke plis pase 10% nan travayè l yo pandan 6 mwa rive 30 Septanm.
- 6 mwa salè san okenn pèt vo plis pase 4 mwa chomaj!
Avèk pouvwa nouvo lwa nou an epi lefèt ke nou mete tèt nou ansanm, n ap mande pou yo aplike l nan konpayi sèvis Restorasyon yo:
- Gwo kantite travayè yo peye men ki pa tavay! Ti kantite travayè k al travay MEN travay la pa dwe gen danje ladan l!
- N ap egzije pou yo peye nou 40 èdtan salè ak 0 èdtan nan orè travay yo moute pou òf nan premye lòd la.
- N ap egzije pou yo peye nou yon chèk 40-èdtan salè ki pa gen anyen pou wè ak valè èdtan nou travay!
- N ap egzije pou ti kantite travayè ki gen pwogram pou yo travay yo dwe gen bon ekipman travay pou yo pwoteje tèt yo kont viris la.
- N ap egzije ke si pa gen ekipman pou travay, nou ka pran chomaj volontè san Skychefs pa refize demann chomaj nou an.
- N ap mande nenpòt ki travayè ki gen plis pase 59 ane oswa ki gen yon resèt medikal pou pwoblèm sante ki ta fè yo anba gwo risk ak COVID-19 a, yo dwe peye yo 40 èdtan epi yo konsèvi prestasyon travay yo san yo pa bezwen travay, amwenske yon doktè ta otorize sa.
- N ap mande pou travayè ki oblije travay jwenn peyman siplemantè akoz risk.